2013-04-30

Gwopo ap twit


Mwen te kanpe nan lakou lakay la, ap tande mizik ; lè m wè yon zanmi m’ k’ap degrengole mòn lan desann. Gwopo te fre tank’on ze zwa ak yon jean ble, yon chemiz a karo ble e blan ak yon mokasen nwa nan pye l’. Mwen rele misye pou l’ ka wè m’.

- Gwopo ! Sak genyen ou prese konsa ?
- Ah Gag monchè, mwen prese, m’ paka ret pale kounyeya, m’ anreta. Gwopo fè yon kout je byen rapid pou l’ gad lè nan mont li. 
– Bon, mwen gen randevou ak Lola nan Bistro a.
- Lola ? Lola ? Mwen repete pou m’ ka sonje.
- Wi bèl tifi, ki te lekòl la, men l’ pa gen bèl fòm non ; l’ap kontinye etid li lòtbò dlo kounyeya. Ou vle plis detay ? Gwopo derape tankou yon flèch.
- Ebyen profite zanmi , se do misye mwen wè ki prale.

Mwen fè trant minit pou m’ fin koute album Belo an, avan m’ rantre anndan kay la. Paj twitter m’ lan te ret ouvè sou laptop la. Mwen di, banm gad sa k’ap twit sou web la. Lè m’ gad pi pre, mwen sezi wè istwa Gwopo sou rezo sosyal sa.

Gwopo t’ap twit serye. Mwen pa sezi paske l’ t’ap twit non ;  men m’ sezi pou sa m’ wè misye t’ap ekri sou kont twitter li. Mwen li twa twit Gwopo :

@Gwopo Twit 1 : Mwen nan Bistro an ak Lola, li pi anfòm kounyeya – Sa se chans pa m’.
@Gwopo Twit 2 : Lola dèyè plat mwen te konnen an, se pa menm lan jodi a. sanble gen angrè lòtbò an pou yo fè l’ pouse.
@Gwopo Twit 3 : Ala cute, li mande m’ chwazi bwason an pou li. Chans la avè m’ jodi a, gen tampico.
Lè m’ fin sezi kont sezi m’, m’deside twit misye pou m’ dil li paka twit vag konsa. Lè m’ fin tape, twit lan pa ale paske l’ depase 140 caractères . Distans pou m’ ranje twit la Gwopo gentan twit 4 fwa.
@Gwopo Twit 4 : Ah ! Lola pa fin koul nèt non ; li pa kite m’ chwazi manje a.
@Gwopo Twit 5 : Ala Bistro gen bon self service
@Gwopo Twit 6 : Yeah ! Lola pa gen mennaj, limyè vèt, gaz kole !
@Gwopo Twit 7 : Je Tamaren l’ yo ipnotize m’, Lola move, anlè l’ bon anba l’ bon.
Mwen rive ranje twit la, yon fason pou l’ ka ale :
@mengag Twit : Gwopo, m’ap li tout saw sot twit wi la ; menaje sa wap ekri non.

Ven minit pase Gwopo pa banm repons. M’ deside rele l’ :
- Allo Gag, m’ap pase kotew talè. M’sot kondui Lola, n’a gentan pale. Mwen fin reponn Ok, epi m’ rakroche.
Senk minit pa pase, Gwopo t’ap frape devan baryè lakay la.

- Sa k’ fèw pat reponn twit mwen an la ? Mwen mande l’, lè l’ fin rantre nan lakou a.
- Lola te kouri dèyè m’, lè m’ dil se twit mwen t’ap twit, kidonk ou swiv tout bagay !
- Se pa mwen sèlman ki ka li yo non, Gwopo.
- Mwen konnen, lòt moun k’ap follow mwen yo tou ka li yo tou. Gwopo di sa ak anpil asirans.
- Se la ou fè erè an wi, zanmi m’. Siw te aktive opsyon restriksyon an, ou t’ap aksepte demand follower avan yo li twit ou yo. Mwen pran san m’ pou m’ byen esplike Gwopo sa.

 Je Gwopo ouvè men lajè tèlman l’ sezi.

- Ebyen m’ap kouri fè sa kounyeya
- Degajew frè m’
Tan Gwopo pran telefòn lan, li tande l’ bay yon bip.
-Kèt ! Mwen chire wi.
- Kisa ?
Gwopo lonje telefòn lan ban m' wè.
Mwen gad ekran an epi m’ li yon twit ki di :
@Lola14 Twit : Mwen te pansew te kite #Gwopo wi.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci