2015-06-16

Gwopo nan Resto

- Ou ap toujou vini pita an, Lola ?
- M' pap rate sa pou anyen ! Eske wap vin chachem ?
- Poukisa ou pa pase pran m' pito ? 
- Mwen pa gen machin, se pou sa mwen diw twa zè ap pi bon !
- Ou pa pral fè m' plede rete tann ou la, mwen konnen w' ! Gwopo rakroche sou mo sa yo. Jodi a fè twa mwa depi yo zanmi , se premye fwa yo pral nan restoran.



Li te twa zè eka, lè Lola rive devan LaManjay la, yon restoran ki pa gen twò lontan depi li ouvè nan zòn Boudon. Solèy lan te cho, pyebwa sou plas Amourèz la, pat bouje menm, pat gen van, poutan li te fè bon. Gwopo te gen yon chemiz vèt ak yon djin ble, li te sere pou okazyon an, je l' pa t' sòti sou mont li a, tèlman li t'ap veye kote Lola t'ap sòti.
Twa zè edmi pase, lè yon jèn fi ki nan mwatye ventèn li, pouse pòt restoran an. Ròb ble ak flè blan li mete a fè l' sanble ak yon mannken k'ap defile pou yon gwo mak rad.
- Ou bèl anpli, men m' panse ou t'ap vin poukont ou, se kiyès ?
- Kouzin mwen ; m'ap prezante w' Laeticia ! Li te pase lakay lan epi l' tou kondwi m' vini.
- Laeticia mwen kontan rankontre ! W'ap tounen chache Lola pita ?
- Non, m'ap rete manje avè k' nou !
Gwopo pat atann li ak repons sa, san l' pa di yon mo, li akonpanye medam yo nan fon sal, sou tab ki sou kote yon bèl aquarium. Lè sèvè an pote menu an. Gwopo fè siyn non ak tèt li.
- Kidonk, Gwopo ou pap manje ? Lola dil avèk yon ton
- M'ap kite nou manje an famiy, Lola. Mwen fèk sonje gen yon match football m' pral gade kay kouzen m'
.
Gwopo kite restoran pandan l'ap mamòte,,, Se pa ti alèz !

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci