2015-10-04

Gwopo nan maryaj


- Kifè Gwopo ou pa prale nan maryaj Cassandra ankò, men l' gentan uit è. Seremoni an se a ne vè l'ap kòmanse, epi w' poko pare. Alex pa retire je l' sou mont li, pandan li t'ap di sa.
- Alex, ou poko jan m' banm bon lè a. A kilè resepsyon an ? Pou dat nou zanmi ou poko konprann sèl bagay ki enterese m' nan maryaj, se resepsyon an. M'ap deplase vè twa zè konsa ; w'ap gen kont tan w' pou rakonte m' kijan seremoni an te bèl. Gwopo pa fè ni en ni de, li retounen monte nan chanm li.
     
 Twa zè sonnen Biw, Gwopo te gentan fin pare : vès li te sot pran nan dray la, byen chita sou li ; soulye l' byen sire ; eskanp pantalon l' byen fèt. Li met deyò, direksyon resepsyon an.
         Te chaje moun li konnen, zanmi ke l' te gen lontan li pa t' kwaze, sa k' t'ap viv isit, sa k' t'ap viv lòtbò dlo. A senq è yo envite tout moun pase nan bufè a. Gwopo wè yon bèl ti bwat transparan ak plizyè bagay tout koulè anndan l'. Li pase men pran l', li mete l' nan pòch vès la.
- Se madanm mwen ki pral kontan lè l' wè mwen pa bliye l'.
          Gwopo rive lakay li a set è, mandan m' li te fèk sot travay.
- Kisa w' pote pou mwen sot' nan maryaj la ?
- Cheri ou konnen mwen pat ka bliye w'. Fèmen je w', mwen gen yon sipriz pou ou.
          Madanm lan obeyi l' vre, li fèmen je l'.
- En, de, twa, ou mèt louvri je w' cheri.
- Kisa l' ye la Gwopo ! Epa se yon bwat "Cure-dents" ou chwazi pot ban mwen. Aswè an, ou deja p'ap dòmi nan kay la.


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci