2016-01-04

gwopo ak griyo a.

Nou t'ap sòti Senmak, nan kafou a, chaje machann griyo, Gwopo genlè te gen yon grangou nan kò l'
- M'ap pran yon bagay la, mwen santi m' ba
- Gwopo jan m' wè figi griyo sa yo, mwen t'ap tann nou rive lakay,mwen pa kwè m'ap manje.
- Ah monchè, kisa pou griyo an fè w', grangou ou poko grangou.
- Si se konsa ou mèt achte l' m'ap manje de mòso bannann sèlman, mwen pap fè fò.

Gwopo achte yon bon kou griyo ak bannann, epi nou derape pou n' rantre pòtoprens. Pandan nou sou  wout la, gwopo ap voye griyo monte, li fini manje sa trap de. dezè tan pa pase,mwen wè gwopo kenbe vant li, mwen tande.
- Woy... Woy...Woy
- Kisaw genyen Gwopo ?
- Vant mwen k'ap bouyi konsa, l'ap monte desann, mwen pa santi m' byen, fè yon ti kanpe pou mwen !
- Kanpe pou ou, nan raje sa Gwopo.
- Kanpe pou mwen m' diw, fòk mwen lage l', mwen paka kenbe l' ankò,

Mwen kanpe machinn lan, Gwopo fè yon sèl kouri, ale nan raje a. Ven minit pase mwen wè gwopo ap tounen.
- Mwen soulaje kounyeya, griyo an deranje m wi monchè ou te konn bagay yo, kifè ou pat pran.
- Mwen te diw gwopo mwen pat renmen figi griyo yo epi tou ou konnen mwen pa fanatik vyann
- Ebyen monchè, fwa sa mwen jwenn.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci