2016-11-20

Gwopo nan kamyonèt


- Li gentan midi, mwen anreta !

Gwopo gen pou l'ale nan yon randevou, li t'ap sòti Petyonvil, jwenn yon kamyonèt lè sa yo pa fasil men se sèl mwayen li genyen pou'l ale. Fòk li mache pandan ven minit avan l' rive nan stasyon kamyonèt la. Jou vandredi sa, Gwopo te gen chans, li te nèk parèt li jwenn yon kamyonèt ki t'ap chaje Lavil pa Kanapevè, li monte ladan l'. Nan mitan tout pasaje ki t'ap kouri monte nan kamyonèt la, Gwopo rekonèt Anita, yon konesans li pa t' wè depi lontan.

- Gwopo ! Kijan w' ye ? Nou gen lontan nou pa kwaze, kijan aktivite yo ye ?
- Mwen anfòm Anita, nou gen lontan nou pa wè vre, n'ap kenbe piti piti, ou konnen nou paka fè fò nan ti peyi sa. N'ap viv. Kisa wap fè nan zòn lan ? Ou pral lavil tou ?
- Se Lavil mwen rete, M'te gen yon zanmi m' ke m' te pase wè Petyonvil, kounyeya m'ap desann lakay.
Yo kontinye konvèsasyon sa pandan trant minit. Gwopo t'ap desann sou Channmas tandiske Anita ta pral rue St Honoré.
- Mwen rive Anita, mwen te kontan wè w', m'ap peye pou ou.
- Mèsi
Gwopo desann kamyonèt lan, lè l' rive nan pòt chofè an li di.
- Madmwazèl dèyè a ap peye pou mwen. Chofè an vire gade pou l' wè moun Gwopo di k'ap peye pou li a. Anita leve men l', li souri.
- Gwopo souri, padan li t'ap vire ale, li di. Mwen bon sou youn !


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci