2017-06-19

Gwopo, konbyen manman ou genyen ?

" Trou manti pa fon" - Provèb Ayisyen

Gwopo pa t' ka tann jou a rive. Yo te anonse ministè an ta pral resanse tout tè ki ka plante nan provens l'ap viv lan. Depi li tande nouvèl la, li mache di fanmi l' ak zanmi l' ke l'ap vann gouvènman moso tè li genyen an, konsa ak kòb la, l'ap louvri yon ti biznis e fin bati kay li a.
Jou a rive vre, Gwopo profite prezans minis agrikilti a pou l' pale avè l'. Après yon bon bout tan, yo rive jwenn yon akò, minis lan bay Gwopo 5 mwa pou l' pase chèche lajan l' nan ministè a.
Kè Gwopo kontan, li sot fè yon bèl afè. Li rantre lakay li, anonse fanmi l' bèl nouvèl sa. Jou ap pase, mwa ap pase, Gwopo ap veye lè pou 5 mwa sa rive ; se konsa nan kòmansman mwa Avril, li ale kote minis agrikilti a. Li rive byen bonè nan ministè a, minis lan te nan reyinyon, li fè plis ke 2 zèd tan ap tann avan yo deside resevwa l'.

- Bonjou, "Monsieur le ministre", mwen pa konn si ou sonje m' ; men ou te banm randevou pou kesyon tè nou te pale Okay la.
- Ah ! Mwen pa sonje w non ! Monchè, fòk mwen di w gen anpil moun m'ap resevwa pou menm bagay sa. Fòk nou pran pasyans, tout bagay ap regle lè pou yo regle.
- Men "Monsieur le ministre" ka pa m' lan ijan anpil.
- Sa k' fè l' ijan konsa ?
- Mwen gen manman m' ki t'ap goumen ak yon laroujòl depi plizyè lane, semèn pase, li mouri.
- Laroujòl menm ! Antouka mwen konprann ijans ou, nan ka sa m'ap ba ou yon pati nan kòb lan pou w' ka òganize w'. Minis lan siyen yon chèk bay Gwopo, epi ba li randevou ane prochèn.
- Mèsi pou konpreyansyon w "Monsieur le ministre".
Konsa Gwopo tounen Okay, rekòmanse travay nan kay li a ; pri materyo ak kou lavi tèlman chè, li pa wè lè kòb lan pase nan men l'. Gwopo pran ti chèz ba l’, pou l’ reflechi kòman l’ pra l’ fè pou minis lan ba li rès kòb lan avan randevou a.
De mwa pase, Gwopo retounen nan biro minis la.
- "Monsieur le ministre", bagay yo pa bon menm, m’ gen bezwen rès kòb sou tè m'ap vann lan.
- Tèlman gen dosye n’ap jere nan ministè a, sanble ou p'ap ka jwenn li jodi an.
- "Monsieur le ministre", konnen ou pa konnen nan ki tèt chaje mwen ye la ! Manman m fèk sot mouri li te gen azoumounou.
- Rete, ankò ! Mezanmi vin tande, vin tande ! Premye fwa m’ tande sa. Konbyen manman w genyen menm Gwopo ? Mwen konnen pitit konn gen plizyè papa men yo pa janm gen plizyè manman. Al chita tann tande.




1 commentaire:

  1. I'm not positive the place you are getting your information, however great topic. I must spend a while studying much more or figuring out more. Thank you for magnificent info I was searching for this information for my mission. sign in hotmail

    RépondreSupprimer

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci