2018-10-08

Gwopo, kite l' frèt

Gwopo t'ap kite lakou legliz Sacré-Coeur an, lè l' voye yon kout je nan mont li. Li fè setè edmi, mès sizè dimanch lan te apenn fini. Solèy la te fèk leve anwo yon syèl ble san nwaj. Kèk grenn machann ze bouyi, kafe, biswit ak manba t'ap enstale zafè yo arebò totwa an. Gwopo pa t' sou rantre touswit lakay li, kidonk li pran mache sou rout Turgeau an, direksyon kay matant li, Elèn.


Trant minit aprè, Gwopo t'ap frape ak yon ti wòch nan yon gwo baryè nwa. Jan, mari Elèn lan vin ouvri 
- Apa se ou Gwopo ! Sa k' mennen w granm maten sa ?
- Tonton Jan, kòman ou ye ? Mwen sot nan mès la epi m' tou profite pase salye nou. 
- Ebyen rantre non Gwopo, ou byen tonbe se yon soup joumou fanmi an ta pral bwè la, w'ap tou akonpanye nou.
Gwopo souri, souke tèt li epi l' siw Jan nan salle à manger a kote Tiklod te chita ap jwe ak kouvè sou tab la. Elèn te bay do, ak yon gwo kiyè li t'ap brase chodyè soup la, nan kizin lan.
- Men Kouzen m' ! Tiklod desann sou chèz la, li kouri vin bay Gwopo lanmen.
- Gad kijan misye grandi. Kounyeya ou dwe ap fè tonton m' ak matant mwen pale toulasent jounen la, ti dezòd !
Elèn depoze kiyè a, li vire fas li.
- Ô neve m', kijan w ye e fanmi an ? Ou pase vizite nou !
- Matant tout moun byen ak Bondye. Gwopo travèse salle à manger a pou l' salye Elèn avan l' tounen pran plas bò tab la, sou kote Jan e anfas Tiklod.
- Bon ! Manje an pare wi. Elèn vin depoze nan mitan tab la yon gwo bòl kristal plen soup joumou epi l' retounen ak yon kòbèy pen.
Jan, mèt kay la, sèvi tèt li an premye, mete aprè pou Tiklod epi di Gwopo
- Jwèt pou ou
Gwopo plen ti bòl blan devan l' an ak soup epi menm moman li pran premye kiyè a, je l' kouri dlo. Jan ki t'ap swiv mande l'.
- Sa w' genyen Gwopo apa w'ap kriye !
Gwopo leve tèt li gade plafon kay la epi l' di :
- Tonton, kay la wo !
Tiklod tonbe ri
- Gran kouzen, si w paka kite l' frèt ebyen soufle l'.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci