2017-03-09

Gwopo ap konstwi yon ti kay


Spiky ap kouri, monte desann nan lakou a, roule atè a. Chak boul timoun yo voye, li pati dèyè l' nan touf zèb la, sou kote pye akasya an, anvan l' pote l' tounen ba yo. Gwopo souri etan l' t'ap gade timoun yo ap jwe ak Spiky, pye l' kwaze sou yon ti tab fòmika, boutèy Malta byen glase kenbe nan men l', li t'ap tande radyo 100.1 FM.


- Depi m' maten, se yon koze Jazz sèlman nan kay sa, mwen kòmanse bouke wi. Gwopo fè yon sèl tchipe, li leve mache nan direksyon radyo an.
- Kisa w pral fè la ! Pa tounen bouton radyo an tande Gwopo ; ou pa menm vle mennen m' nan konsè padan Festival Jazz mwa sa, kounyeya wap anpeche m' koute ti mizik mwen. Adriyèn lonje pwent kouto li t'ap koupe poul la sou Gwopo, li monte volim lan epi l' rekòmanse souke tèt li.
- Cheri, ou pa bezwen fache, ou konnen se ti Coupe Cloué m' mwen renmen tande, se sou li pou m' danse sizo m'. Ou konnen byen cheri ou se biblo m' pa renmen lè w' fache.
- Hanhan, men wi, se sa k' fè ou pa janm mennen m' sòti an, wap kite biblo an manje pousyè anndan kay pa vre ! Adriyèn koupe Gwopo yon sèl kout je. Kite kantik pran priyè, kay Spiky a ou poko ap fini l', se pa pou dat wap konstwi l'
Gwopo souke tèt li, epi l' pase dèyè kay lan, nan lòtbò lakou a, kote li t'ap konstwi ti kay Spiky an. Se pandan li t'ap pote planch, kloure, siye ; bon zanmi l', vwazen l', Tipyè vinn wouze jaden.
- Depi yon mwa, mwen wè w'ap konstwi ti kay sa pou chen an ; poukisa w pa fè l' pi gwo !
- Tipyè, pa ranse non monchè, ou pa konnen si m' fè l' pi gwo Adriyèn ka mete m' dòmi ladan l' !



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci