
- Tande Tina, mwen ka fè jij nan emisyon sa tou.
- Ou pa menm konn chante Gwopo, kijanw pral fè jij nan emisyon moun yo. Tina gade Gwopo li souke tèt li.
- Mwen pa oblije konn chante pou m' dekouvri yon bon chantè ! Gwopo pran yon poz, li di, se pa pou chantè sèlman non, men pou tout atis.
- Si m' byen konprann la, ou se yon "grand connaisseur" nan zafè atistik, di Tina sou yon sèl kout ri.
- Mwen kwè nan sa m'ap di an, menm si mwen pap kritike atis tankou chantè, aktè, komedyen, pent, desinatè oubyen ekriven yo.
- Gwopo di m' non kisa k' fè yon gwo atis ? Di Tina, pasyans li te kòmanse bout.
- Ebyen...Gwopo souri. Sak fè yon gwo e bon atis se kapasite l' pou transmèt oubyen jenere emosyon nan sa l'ap fè an.
- Sa ou di an gen anpil sans wi Gwopo. Lè m'ap swiv pi gwo zèv atis yo toujou kapte atansyon moun ak emosyon yo degaje.
- Ebyen ann fin swiv emisyon an kounyeya, Tina. N'ap gad kiyès ki pi bon aprè.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci