2023-09-22

Gwopo al kay doktè



Gwopo leve granm maten, li potko jou, li pa fè ni en ni de, li pran boutèy kleren ki arebò kabann lan, kage l, pran twò goje. Li pase ti valiz pay li sou zepòl, pran manchèt li, mete chapo epi l pran direksyon jaden. Se pandan l’ap mache konsa sou wout Zo Reken nan kanton an, gen yon sèl doulè ki pran l, ki oblije l tòde, akwoupi bò kanal rivyè a. Gwopo pliye kò l atè an ak gwo doulè sa, li vle rele pou yon moun ka vin ede l, pyès son paka sòti nan bouch li.

Se konsa li rete dousman atè a, avèk espwa doulè sa va pase ; Kasandra ki se vwazin Gwopo vin ap pase, avèk panye l nan men l, li pral nan mache.


—    Konpè oh konpè ! Kisa w genyen ? Kasandra kouri sou Gwopo atè an, li vire’l fas, pou l ka wè figi l

    Woy, woy, woy ! Gwopo paka di lòt bagay.

Kasandra ki wè sa, pran dlo nan kanal la, li pase l nan figi Gwopo.

     Konpè ann ale !

Kasandra soutni Gwopo, l’ap bite anba l, y’ ap mache pou yo ale nan sèl sant sante ki nan kanton an. Chans pou yo, lè yo rive doktè an te sou plas, li ede Kasandra mete Gwopo kouche sou kabann konsiltasyon an.

   Dòk Juanito, m jwenn li k’ap tòde nan lari Zo Reken an, li paka janm di sa l genyen !

     Pa enkyete w Kasandra, ou byen fèt mennen l vini la. M’pral jere sa. Doktè Juanito prepare yon sereng epi l bay Gwopo yon piki nan ponyèt li

Ven minit pa pase Gwopo kòmanse kalme l, doktè an wè li ka pale, kòmanse poze l kesyon.

   Ki sa w santi Gwopo ?

   Dòk Juanito mwen gen yon doulè nan edifis mwen !

    Kòman nan edifis ou an Gwopo ?

   Wi dòk se edifis mwen k’ap fè m mal konsa.

    Touche l pou m wè l !

Gwopo avèk pwent dwèt li leve men l, kòmanse touche tèt li pandan l pran di : Onon dipè, edifis…

    Edifis dòk, edifis dòk pandan l’ap touche anba biskèt li

    Ah Ok, m konprann kounyeya, ou gen doulè nan lestomak ou Gwopo. Doktè Juanito fè yon ti souri epi li di : pran grenn sa yo de fwa chak jou epi sispann ak zafè kleren sa w’ap bwè granm maten san manje a.

    Mèsi wi dòk !

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci