Enskripsyon Kandid Vye Bout Mamit - Viv Gwopo (Istwa Gwopo)
Anpil mouvman nan lari Pòtoprens, afich toupatou, chak jou gen yon nouvo kandida pou prezidan ki sòti nan youn nan twa san pati politik k ap grennen pou eleksyon ki pral fèt ane sa.
Tipyè ap kondwi G-Wagon lan, Tibas sou kote chofè a epi Tigui dèyè ak Gwopo, tout nèg yo ak tèt vès sou yo.
Tibas vire gade Gwopo dèyè an epi l di:
– Gwopo, premye fwa m wè w fre konsa, gad’ bèl kostim ou sou ou !
– Ou konnen patnè pa m, fòk nou sanble ak sa n vle ye a. Nan boutik pèpè Tonton Jak la, m sot prete l.
Djip lan ap file desann sou wout Delmas, nèg yo ap byen friz. Yon bèl mizik ap jwe nan radyo an.
– Monte volim lan Tibas, mizik sa ap mennen nan moman an...
“Ti pa ti pa, voye yo jwe Monopoli
Ti pa ti pa, Ti chat gwo chat, voye yo jwe Monopoli…
Ane sa se tout bon vre…
Ane sa, papa pa vin blofe m..”
Tipyè di Gwopo :
– Ki djazz ki fè bèl mizik sa ? Se li m pral pase sou cha an, lè n ap gen pou n trennen moun dèyè nou.
– Boukman eksperyans ki fè l, frè m. Epi depi kilè w te DJ ?
– Monchè, mwen pòt pawòl, mwen sekretè, mwen trezorye pati an, nou fè tout.
Tibas ap souke tèt li sou melodi mizik lan.
– Gwopo ou kwè n ap bon ?
– Monchè nou pa ale pou n bon, se ti kòb y ap debloke an, nou vin pran. Nou aslè vre, men nou pa p k ap bat gwo mèt aslè mwen wè la yo ; nou resi jwen pi maton pase nou.
Machin lan rive devan biwo KEP a, Tigui kouri desann, li mete linèt nwa l nan je l, li fè wonn machin lan, l al ouvè pòt la bay Gwopo. Gwopo desann, pòt dokiman l kenbe byen di nan men l. Tibas ak Tipyè ap mache devan, li nan mitan, Tigui ap mache dèyè nèt.
Gen yon ti machann kokiyòl devan baryè a, Gwopo rale nan pòch li yon pil biyè senkant goud, li konte 7 epi l di :
– Kenbe sa nan men w sè m lan. Lavi an pa fasil…
– Bondye ki voye w, sa se prezidan m lan tout bon vre !
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci