2014-08-30

Gwopo pral nan program


Se pandan mwa Dawout, anpil moun profite rantre vinn vizite " Palais sans Souci " ; amize yo nan lanmè oubyen manje diri djondjon ak lanbi boukannen.


Gwopo t'ap reflechi sou twa jou ki rete l' yo avan li tounen nan  leve bonè, pran metro, bus, al travay rantre byen ta, chofe manje dòmi ; lè telefòn li kanpe l' nan refleksyon l'.

- Alo Gwopo, nou pral nan yon ti program pita ! Parew nan trant minit m'ap rive lakay ou.
- Bon bagay Tipyè, mwen pral pare m' kounyeya.

Aprè san ven minit, Tipyè rive. Gwopo  move kou  kong. Li moute machin lan epi...

- Bonswa tout moun ; Tipyè ou kwè ou t'ap rive a lè sa si ou te nan peyi blan ?
- Sak pase misye la ! Ou pa menm fè konesans ak medam yo epi wap pale konsa. 
- Se pa fòt Tipyè non... Salya ak mwen menm Djena nou te pran plis tan pou nou prepare n'.
- Han ! Ou gen chans. " Un plaisir de vous rencontrez mesdemoiselles." Gwopo souri, li bo men medam yo avan Tipyè derape machin lan.

Mizik konpa t'ap jwe sou Radyo Kreyòl lè yo rive nan program la. Yo desann, Tipyè rele Gwopo sou kote pandan medam yo ap tann nan liyn la.

- Se nou k'ap peye pou medam yo wi,  Gwopo !
- Kisa !!! Se pa 30 dola ou di m' rantre an ye Tipyè ? Mwen pat vin pou sa.
- Ah Gwopo monchè, program lan ap pi fre ak medam yo, epi tou se pa 150 Goud ! 
- Kounyeya se la mòd papa, pi fò program yo se an U$ yo fèt nan peyi sa. Antouka Tipyè ou pat dim sa lè ou te rele m' lan. 

Gwopo deplase, lè l' rive kot medam yo.

- Amize nou byen m' ap kite nou ak Tipyè ! M' ale... Gwopo kanpe yon taxi epi li met van nan vwal li.


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci