Gwopo se yon jenòm ki rete Delmas 209, misye se yon nèg ki dwòl anpil nan panse l’, nan pale l’ pale nan akyon l’ men se yon bon nèg ki jis manke pase nan moul. Misye ap travay nan yon konpagni enfòmatik anba lavil la. Tipyè, yon lòt ransè, se pi bon patnè l' se yon biznisman anba lavil lan ki rete petyonvil. Depi twa jou, Gwopo ap reflechi kijan l' pral jere zafè gaz ki manke nan kapital la. Li deside rele Tipyè.
- Allo Tipyè, sa k'ap fèt zanmi pam ?
- Gwopo, nèg la wi, ki nouvèl ? Tipyè reponn li.
- Ah ! Monchè zafè rate gaz sa, banm tèt fè mal, lèw resi jwenn yon ponp kap bay, fòk ou ret tann twa zèd tan avan ou jwenn yon bagay, sa ka rive lè w prèske rive yo diw "Gaz lan fini". Chak jou mwen nan pran liy, m'ap kanpe machin lan.
Tipyè tonbe ri nan telefòn lan epi'l di
- Chak jou Gwopo ! Men mèyè full machin lan monchè, konsa wap gen kèk jou brake epi tou machin lan ap boule mwens gaz.
- Sa se pou machin pa w lan, ti pa m' lan twa silend sèlman, se sant gaz li pran, sa m bezwen full li fè, Gwopo reponn li.
- Se sak fèw pa vle chanje machin gran papa w te fè w kado an ! Bondye fè m' diw, jou machin sa pran pann gaz avèw nan lari, pa menm panse rele m'. Tipyè di byen min.
- Sa p ap rive, m' toujou gen yon galon gazolin nan kòf lan o ka zou, Gwopo di l’ avèk asirans.
- Ou son danje piblik wi ou menm ! Barbecue ou vle tounen annda machin sa, tout tan l'ap ba w pann elektrik , ah Gwopo, ou debòde ! Tipyè lage byen fò nan telefòn lan.
- Monchè ou konn sa k’ pase, mwen relew la pou m’ diw, pandan kriz gaz sa m’ap pran woulib lè maten avè w, m’ap tann ou bò kòmisarya an, Gwopo di byen relax kòm si l te gen dwa nan machin Tipyè an
- Se vre m’ desann chak jou nan biznis lan, men m pa gen lè ! Epi tou m’ pa chofèw non Gwopo, Tipyè reponn li
- Monchè ou sonje Katiana, bèl fanm, anfòm gensiv vyolèt, nou te kontre nan program lanmè mwa dènye an, ou pat gentan pran nimero l’lan. Ou sonje ? Gwopo repete l’ kesyon an
- Bliye se rans monchè, Dash sa se yon Formule 1. wi. Ou gen nouvèl li ? Tipyè mande l’
- Ebyen monchè bòn nouvèl, l’ap travay nan konpagni an depi kòmansman mwa sa, kidonk depiw pase pandan wap monte, m’ap branchew avè l’ sitou manmzèl rete Pèlerin. Gwopo di Tipyè.
- Epi sa n’ap fè avè w nan machin lan Gwopo ?
- Ebyen kò m’ nou dizon demen maten 9h, Katiana ap monte avè nou nan pita, Tipyè.
- Sèlman ! Sim pa bon nan fi an Gwopo se pap gaz k'ap problèm ou!
- Ebyen m’ pa rele Gwopo ankò, m’ale Tipyè na wè demen.
Tipyè rakroche telefòn lan li souke tèt li epi l’ di : Ou kwè gen 2 Ayisyen tankou Gwopo nan peyi sa !
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci