2017-09-05

Gwopo sou rout Okay


Kòk lan te fèk pran chante, solèy la te kòmanse ap montre figi l’ dèyè mòn yo, anwo yon syèl koulè safran ak kèk nyaj blan k’ap flote.

Jak te gentan pare pou l’ ale pase jounen l’ Okay, direksyon Port-Salut. Sa fè katòz an, dènye fwa li rantre nan peyi a. Jak te fin bwè yon bon chokola cho ak pen manba, Tout kondisyon yo te reyini pou l te kòmanse yon bèl jounen men, tout pase kle, pou l’ demare machin la, machin pa vle stat.  Jak leve kapo, tcheke batri, machin di li p’ap fè yon pa, se konsa li fè lide rele  Gwopo.
- Bonjou neve m’, kijan w’ ye la ? Machin lan pa vle stat, eske w gentan kite ? 
- Bonjou tonton, mwen anfòm, nou poko deplase non, ebyen m’ap pase chèhe w nan trant minit !
Aprè yon demi èd tan, Gwopo rive kay tonton l’, ki t’ap tann li devan baryè a, kidonk yo pa t’ pèdi tan. Ven minit aprè, y'ap bay baz gaz sou rout nasyonal nimero 2.
Pandan yo sou rout lan, yo pase devan yon chan mayi. Jak lonje dwèt li.
- Wouah ! gade yon bèl chan mayi. C’est magnifique ! 
- Li bèl vre wi, tonton. 
Konsa yo kontinye roule, peyizaj lan bèl, gen anpil pyebwa vèt ak plantasyon arebò tout rout la, etan y’ap pase devan yon gwo chan pitimi. Gwopo gonfle vwa l’.
- Wouah ! gade yon bèl chan pitimi. C’est pitimifique !
- C'est quoi, Gwopo ?
- Men se pitimifique, tonton
Jak vire gade Gwopo epi l' tonbe souke tèt li
- Ou kwè y'ap janm jwenn bout ou !

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci