2018-04-14

Gwopo ap voye wòch sou mango

Gwopo t'ap pedale ak tout fòs li, pou l' ka rive kay Frank avan Francine. De jèn yo fiyanse depi kat mwa, se konsa pou yon weekend Francine chwazi mennen Gwopo nan Leyogàn kote l' te grandi avèk granpè l', Frank. Aprè yo fin byen benyen nan larivyè kanton an, yo fè yon kous bisiklèt, moun ki rive dènye an, ap lave veso yo t'ap manje arebò larivyè a. Gwopo ki tande sa fè yon sèl derape, Francine tache ren pou ren dèyè l'.

- Gwopo, men bous ou tonbe !

Gwopo frennen sèk, gade toupatou pou l' wè kote bous li ye, men tan l' pran pou tcheke si bous lan atè a vre, Francine pase devan l', se lè sa li reyalize ke bous la te toujou nan pòch pantalon l'. 
- Cheri ou pèdi, mwen rive avan, se ou ki pra l' lave veso yo aprèmidi a. Francine souri epi l' ba l' yon ti bo sou bouch.
- Ebyen cheri, m'ap pran l' konsa ; men ou deja konnen veso sa yo pa p' byen lave. Gwopo pran sakado an epi l' rantre nan kwizin la.
Kenz minit pase, Gwopo fini fè vesèl yo. Francine te kouche anba galri an ap pran van.
- Pye mango sa donnen anpil, mwen ta byen manje kèk. Gwopo pa fè ni de ni twa li ranmase epi l' tonbe voye wòch dèyè mango yo. Francine ki t'ap gade Gwopo mande l'
- Pou jan m' wè mango yo vèt sa, ou kwè yo rèk pou w' ap voye wòch dèyè yo konsa !
- Se vre wi, ou gen rezon choupit. Gwopo kouri monte pye mango a, li manyen youn epi di "Yo rèk"
Li desann pye mango a epi l' rekòmanse voye wòch. 
Francine sekwe tèt li epi di : "Ou kwè n'ap jwenn bout nèg sa !"


2 commentaires:

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci