Nan moman sa yo, youn profite pran nouvèl lòt : kijan fanmi yo ye, sa k'ap pase nan travay yo, ki program yo tale epi ki medam yo rankontre. Yo pito pa jwe asosye pou sa k' dènye an vin chen kanpe. Se Gwopo ki ret kanpe plis ; chak fwa yo bay yon vyèj li fè wonn tab la ap jape, se li ki pou al chèche bout domino an kote lòt jwè yo mete l' byen lwen, pou l' double. Se konsa mizik Innocent an kòmanse. Tipyè di :
- Djaz sa move wi, T-Vice bon bagay !
- Ah papa ! Gwopo bagay yo te bèl nan men w, mwen te wè w t'ap ploge ak yon bèl ti fanm nan bal semèn pase an. Ko t' manmzèl menm ? mande Tijak pandan l'ap debouche yon lòt byè.
- Monchè, Azani fè m' yon bagay se pa ti sezi m' sezi. Mwen tou vag sou li.
- Kisa l' ye la ? mande Tijo ki t'ap sèvi tèt li nan bòl pikliz la.
- Mesye, de jou aprè bal sa, bagay yo te kòmanse pi serye ant mwen avèl'. Yon aprèmidi manmzèl pase wè m lakay la. Pandan nou chita ap pale, li mande m senk mil goud. Lè m' mande l' poukisa ; li reponn : Ooo ! Soulye ki te nan pye m' jou bal lan, m' poko peye l' kòm kounyeya nou renmen...
Toulètwa ti mesye yo pete ri. Tipyè souke tèt li avan l' mande Gwopo :
- Medam alèkile... Sa w reponn li menm ?
- Mwen di l' kòb enskripsyon sa twò chè, m'ap chèche yon lòt lekòl.
Tijak ak Tipyè eklate ri etan Tijo frape zo an byen fò de fwa sou tab la : li te fè dekabès.
- Se sa m' konnen Gwopo, ou pa p' pèdi chanpyona w.

Aucun commentaire:
Publier un commentaire
Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci