Gwopo se envite lakay yon tonton l’ Jan, ki se frè papa l’ nan yon dine ant fanmi. Toujou gen bèl anbyans lè fanmi sa rankontre. Lè Gwopo rive li salye tout moun, malgre l' te an reta paske li te gentan de twa zè edmi .
Tant Sara di
- Gwopo
nou panse ou pa tap vini ankò ! Se a de zè nou t’ap tann ou.
- Gwopo reponn , mwen te pran nan yon boklis
serye sou wout frè a etan m’ t’ap vini .
Tonton
Jan ki konn Gwopo byen di pandan l’ ap ri
- Gwopo t’ap pito pran wout la a pye tan l’
pou l pata vini.
Se te
yon tab gani, te gen yon liy ki fèt pou moun pran manje yo pito. Gwopo wè
manje an kòmanse bese epi liy lan men longè. Gwopo antre anba tab pou l’al soti
pi devan. Yo kouri dèyè Gwopo .
Gwopo di : se yon kiyèm ki sot tonbe mwen tap
ranmase wi nou pa bezwen plenyen tout moun ap jwenn.
Kouzin
li Tia di : Siw te konn tout moun t’ap jwenn konsa ou t’ap ret kote ou te
ye.
Gwopo
plen asyèt, li pran nan tout bagay li menm rive di : - Ti asyèt sa yo
twò piti.
Nan
yon ti moman aprè, tout moun te reyini sou yon gwo tab ak manje yo, bwason ap
koule, y ap bay blag. Men gwopo pa pale menm, se fouchèt l'ap voye monte, tèt misye
ret bese sou asyèt li. Gen
de bagay Gwopo pa janm fè ansanm manje epi bay blag.
Tonton Jan ki bezwen takine Gwopo
di l’ :
- Gwopo ou sonje lè w te timoun chak Nouvel An
nou konn pase al salye fanmi a epi chak kote n’ pase yo ofri n’ manje, men lè m’ di
nou te sot manje, Gwopo toujou reponn m’ap manje wi mwen menm. Konsa mwen te gen
yon dènye kote pou m’ pase kay yon sè m’. Mwen di Gwopo li fin twò ta nou pap
gentan al salye matant Ana, li reponn : - Tonton Jan si nou pa pase, matant Ana ap
fache wi. Konsa mwen pase vre epi Gwopo desann asyèt manje a.
Gwopo
fè kòmsi l’ pa tande sou tab lan, tout moun ap ri blag tonton Jan sot bay sou
li an.
Gwopo
di : Nou mèt ri vre, mwen menm pa jwe ak manje, se sa m’ap pot ale pandan l’ leve al sèvi tèt li yon dezyèm fwa sou tab gani a.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci