2014-11-15

Gwopo al kay kwafè



Gwopo tap prepare l' pou li ale nan maryaj bon zanmi l' Tipyè, demen dimanch lan. Li te sot chache kostim li nan dray samdi aprè midi an. Kòm li deside pa fè cheve l' lakay li fwa sa, l'ap chache  kay ki kwafè pou l' ale.
Gwopo nèk depoze kostim li an poul' rele Tipyè : 







- Alo Tipyè, sa k'ap fèt ?
- Oh ! Gwopo monchè, ou konn bagay yo, n'ap fè dènye preparasyon yo.
- Mwen konnen ou branche Tipyè, ki kote m'ap jwenn fè tèt mwen nan Petyonvil la 
- Ki mirak sa Gwopo ? Ou kwè se ou menm ki toujou fè tèt ou !
- M'ap fè yon kanpe sou Moròk la, epitou Djena ap la,  mwen vle enpresyone manmzèl.
- Wap jwenn youn nan rue Chavanne lan, bon bagay nèt.
- Mèsi Tipyè, n'ap wè demen.

Gwopo rakroche epi l' sòti. Se pa de monte desann li pa fè, anvan li jwenn kay kwafè sa. Anndan an klimatize, gen sèt kwafè k'ap koupe cheve kliyan yo, menm gen dlo, te ak cafe pou moun ki vle. Gwopo di nan kè l' " Kèt kwafè sa fre papa, sanble m' pa Ayiti !" Pandan Gwopo  chita ap tann tou pa l', tas te li nan men l', je li tonbe sou tablo blan ki ekri an ble " Cheve 200 Gdes, Bab 50Gdes, Netwayaj 75 Gdes" Gwopo souke tèt li.

Trant minit pase, cheve Gwopo fin fèt, li fre 'kon ze zwa. Li lonje 250 Gdes bay kwafè an 
- Ô ! Ou gen monnen pou mwen wi chèf la !
- Non mesye, ou ka wè mwen fè bab ou tou.
- Kiyès ki te  diw fè bab frè m' ! Mwen pa konnen si se ak kòl ou ak siman ,wap resi rekole bab mwen   ban m' !

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci