2021-05-16

Gwopo rive an provens

 

Li menm ak madanm li te vini vandredi aprèmidi nan bèl ti provens sa ki lokalize nan Sidès peyi a. Se premye fwa Gwopo t’ap vizite boparan li depi l te fin marye ak Ameli, mwa Desanm pase a, twa mwa jou pou jou, e li te vle fè bèl enpresyon devan papa ak manman madanm li.

Se konsa granm maten li gentan leve pou l’ale nan jaden ak Jakòb, papa Ameli.

- Men Gwopo, pran manchèt sa, nou pral koupe kèk branch bwa, n’ap ranmase kèk pay kokoye tou pou n’al bouche dlo an pi wo. Jakòb lonje youn nan manchèt li te genyen nan sak pit li a, bay bofis li.

- Poukisa pou n'al bouche dlo an jis anlè sa pè Jakòb. Gwopo mande pandan li t’ap ranmase kèk fèy bannann sèch atè a.

- Lè n’ap wouze jaden pa bò isit, se toujou konsa nou fè l n’al bouche rivyè a pou dlo an ka rantre nan kanal ki mennen nan jaden nou a. Lè nou fini byen wouze n’al debouche l.

Lè yo fin koupe e ranmase kont branch bwa yo,  Gwopo ak Jakòb gonfle yo nan rivyè a. Dlo an pran wout ti kanal an tè ki desann nan jaden papa Ameli a.

Yo pase yon twa zèd tan ap wouze konsa, aprè yo koupe twa rejim bannann, keyi yon douzèn polo ak zepi mayi ak plizyè kokoye ole ke yo chak bwè youn epi manje nannan an, avan yo repran chimen lakay.

Pandan yo te sou wout lan konsa, Gwopo k'ap pouse bourèt chaje ak rekòt yo, Jakòb desann bourik lan, li mete detwa provizyon nan yon bout sak.

- Gwopo, tann mwen yon ti moman, m’ap pote sa yo bay vwazen Pòl.

Yon ti moman pase Jakòb t’ap tounen ak kat bèl grenn poul, de nan chak men l.

- Se konsa li ye pa bò isit la, se youn a lòt. Ou pa bezwen gen kòb pou chodyè w monte recho. Jakòb fin di Gwopo sa, li mare poul yo chak bò bourik la epi yo derape.

Yo ti tan aprè, lè yo rive lakay, yo jwenn medam yo ki t’ap prepare manje nan kizin la. Ameli ak manman l' Joslin, kite pwason yo t’ap netwaye a, pou y’al ede mesye yo pran provizyon.

- Papi cheri, kijan mari m degaje l' jodi an menm.

- Ah… Bofis mwen ap fè zefò, li ede m anpil maten an, misye degaje l byen wi pou yon nèg ki sòti Pòtoprens.

Gwopo proche nan zorèy Ameli, li pale tou ba

- Cheri doudou, mwen sot rann fyèl mwen la.

Ameli souri epi reponn li

- Lavi an provens pa po non, w’ap konn Jòj.

Joslin pote yon kanari dlo pou mesye yo bwè

- Al fè yon poze sou nat devan galri a non, manje an prèske pare, n’ap vin rele nou talè konsa.

Joslin ak pitit fi l disparèt nan kizin lan pandan Jakòb ak Gwopo t’ap enstale yo sou galri a.

Trant minit pa pase Ameli vin rele papa l ak mari l. Tab la te chaje ak manje – se konsa moun andeyò yo renmen resevwa lè yo gen envite – salad, yanm, polo, pwason fri, diri blan ak pwa nwa, bannann ak legim.

Bouch Gwopo ap koule dlo, men misye sonje li pa lakay li se pou sa li mete yon ti kras manje nan asyèt li a.

Joslin ki t’ap swiv li, mande l :

- Kisa w genyen Gwopo ? Depi yè lè w vini a, mwen wè ou pa vle manje, ou pa renmen manje sa yo ?

- Non manmi, pou jan manje yo bon sa, m byen renmen jan nou mete kokoye nan tout sa n’ap fè bò isit la, men doktè m di m fòk mwen pèdi pwa, se pou sa m paka fè fò.

Ameli souke tèt li

- Premye nouvèl. Pa vin tonbe feblès la sèlman, lopital la jis nan bouk.

Gwopo pa reponn, li rete tou dousman jiskaske tout moun fin manje. Li di boparan li yo ke l fatige epi l monte al kouche.

Pandan nwit la, Gwopo tann madanm li ap byen dòmi, li leve al nan kizin la, li tonbe chèche kote yo sere rès manje aprèmidi a, li gade sou galata, li pa jwenn anyen. Lè l voye  je l gade nan yon kwen li wè de gwo bonm aliminyòm. Youn gen yon rès legim lòt la gen yon ti graten diri.

Gwopo reziye l « Jan l pase l pase, Mwen  p ap pase de nwit nan eta sa ; Lapatri an danje ! » Misye pran yon kiyè li tonbe grate bonm yo, l’ap voye kiyè monte, san l pa rann li kont l’ap fè bri andedan kay moun yo.

Se konsa Jakòb ak Joslin vin sote sou li.

- Ah monchè Gwopo, se nan eta sa ou ye la ! Ameli antrave avè w.

 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci